Accessibility links

Breaking News

Larisi Entèdi Plizyè Ameriken Mete Pye Sou Teritwa li, Pami yo Joe Biden


Le président russe Vladimir Poutine lors d'une réunion des dirigeants de l'Organisation du traité de sécurité collective au Kremlin, le 16 mai 2022.
Le président russe Vladimir Poutine lors d'une réunion des dirigeants de l'Organisation du traité de sécurité collective au Kremlin, le 16 mai 2022.

Larisi pibliye yon lis Ameriken ak Kanadyen ke li entèdi antre sou teritwa li.

Nan lis sa nou jwenn prezidan ameriken an Joe Biden ak chèf diplomasi a, Antony Blinken.

Sou bò Kanadyen an, lis la gen ladann Sophie Grégoire Trudeau, madanm Premye Minis Justin Trudeau, epi premye minis la te deja li menm gentan jwenn sanksyon pa l.

Larisi Samdi entèdi 963 Ameriken antre nan peyi l, e gen plizyè lòt gwo ofisyèl tankou Sekretè D'eta Antony Blinken, chèf Pentagòn Lloyd Austin ak bòs CIA a William Burns.

Entèdiksyon vwayaj sa a fè pati sanksyon resipwòk ant Moskou ak peyi oksidantal yo depi lè envazyon Larisi nan Ikrèn.

Sa gen 4 jou, Palman an Kanada a te prezante yon pwojè lwa pou entèdi Prezidan Larisi a, Vladimir Putin, ak anviwon 1,000 manm gouvènman li ak lame antre nan peyi Amerik di Nò a.

XS
SM
MD
LG