Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini Di Li Gen Anpil Ké Sote Sou Zak Vyolans Gang Yo Ap Komèt Ayiti


FILE PHOTO: UN High Commissioner for Human Rights Michelle Bachelet attends an event at the United Nations in Geneva
FILE PHOTO: UN High Commissioner for Human Rights Michelle Bachelet attends an event at the United Nations in Geneva

Nasyonzini eksprime madi enkyetid li genyen konsènan konsekans zak vyolans gang yo nan kapital ayisyen an, Pòtoprens, genyen sou popilasyon an.

Michelle Bachelet, segondè Komisyonè ki se yon responsab nan Nasyonzini pou dwa moun, te di nan yon deklarasyon "Mwen ankouraje kominote entènasyonal la pou l redouble efò li pou anpeche sitiyasyon an vin pi mal kote yap pèdi kontwòl li".

Dapre rapò Nasyonzini, gen omwen 92 sivil ki mouri e 96 moun ke sispèk ki se manm gang mouri nan atak ame ki tap fèt nan alantou Pòtoprens lan ant 24 avril ak 16 me. Men, chif yo kapab pi wo pase sa.

Dapre chif ofisyèl Nasyonzini yo, 113 lòt moun te rive blese nan atak yo, e 12 moun te disparèt ak 49 lòt yo te kidnape pou ranson.

Madam Bachelet kontinye pou l di ke "Vyolans ame rive nan nivo inimajinab ak entolerab ann Ayiti."

Pou Madam Bachelet, "li enpòtan anpil pou pran mezi ijan pou retabli règ lalwa, pwoteje popilasyon an kont vyolans ame epi rann responsab kap patwone gang sa yo bay lajistis".

Vyolans sa a te fòse plizyè milye moun, enkli timoun, abandone kay kote yo abite pandan 3 semèn ki sot pase yo.

XS
SM
MD
LG