Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini Di li Gen Kè Sote sou Rekritman Timoun Gang Ayisyen ap fè


APTOPIX Haiti
APTOPIX Haiti

Biwo Nasyonzini an nan peyi d'Ayiti eksprime enkyetid li ayè Mèkredi sou rekritman plizyè timoun ke gang an Ayiti ap fè.

Nan yon moman kote gang yo gen kontrol plizyè vil nan peyi a, gen omwen 39 sivil ki pèdi lavi yo akoz de aktivite gang yo alantou kapital la depi dat 24 avril la, pandan ke 2 gang rival ap goumen.

Reprezantan Nasyonzini an nan Pòtoprens di li "an patikilye enkyete sou rekritman plizyè minè ke gang yo fè, paske sa fè pati de youn nan sis vyolasyon grav dwa timoun".

Pandan plizyè dizèn ane, gang ame ap fè ravaj nan katye ki pi pòv yo nan Pòtoprens, men aktivite yo vin ogmante drastikman nan vil la ak nan peyi a nan dènye ane yo, anpil zak asasinay ak kidnapin vin miltipliye .

Semèn pase a, yon videyo, ki te sikile anpil sou rezo sosyal ann Ayiti, te montre yon timoun ki gen 10 an, ak figi l maske, ap fè "shèlbè"ak yon zam otomatik ki gen gwo kalib.

Nan videyo sa a, ki filme nan Matisan, yon katye ke gang yo totalman kontwole depi mwa jen pase a, ti gason an ap eksplike ke li nan lagè ak dirijan yon lòt gang ame rival.

Nasyonzini denonse rekritman timoun sa yo pou aktivite sa yo.

HAITI-GANGS/
HAITI-GANGS/

Pwoteksyon sivil ayisyen an te estime mèkredi "ant 24 avril ak 2 me, omwen 39 moun te mouri, 68 blese ak 8 disparèt" nan zòn sa a ke omwen 9,000 moun te oblije kouri prese akòz vyolans.

Enstitisyon piblik la deklare ke "48 lekòl, 5 sant medikal ak 8 mache te fèmen pòt yo akòz sitiyasyon an".

Lapolis nasyonal ak gouvènman an poko fè kòmantè sou zak vyolans sa yo ki bloke kapital la.

XS
SM
MD
LG