Accessibility links

Breaking News

Germine Joly, Youn nan Lidè Gang 400 Mawozo, Konparèt Devan Tribinal nan Washington


Germine Joly alyas "Yonyon"
Germine Joly alyas "Yonyon"

Lidè gang 400 Mawozo Germine Joly - alyas Yonyon - ki gen 29 an, konparèt devan yon tribinal nan Washington, Mèkredi 4 Me a.

La jistis Ameriken akize misye ansanm ak 3 lot endividi dèske yo te konplote pou "vyole lwa ki kontwole sa Etazini ekspote, komèt fwod kont Etazini, trafike kontrebann epi fè blanchiman lajan."

Se Matthew M. Graves, Prokirè gouvènman an nan Washington ak George Piro, ajan spesyal FBI (Biwo Federal Envestigasyon Etazini) ki jere biwo ajans la nan Miami, ki anonse nouvèl la Mèkredi.

Lòtmoun yo akize ansanm ak Germine yo se: Eliande Tunis, 43 zan, yon sitwayen Ameriken ki rete Pompano Beach, Florid; Jocelyn Dor, 29 an yon sitwayen Ayisyen ki abite nan Orlando, Florid, epi Walder St. Louis, 33 zan, yon sitwayen Ayisyen ki tap viv Miami.

Akizasyon la jistis Ameriken an di ant Septanm ak Novanm 2021 mesye yo te konplote pou yo achte ak founi zam ak minisyon bay gang 400 Mawozo a ann Ayiti. Akizasyon an di tou ke vè 12 Janvye 2021, 400 Mawozo te kidnape ak zam sitwayen Ameriken ke yo te kenbe pou ranson.

Pandan yon odyans devan Jij federal Ameriken Robin Merriweather, avoka Etazini an Karen P. Seifert ak avoka defans Germine lan te deside pou misye rete nan prizon san kosyon paske "li komèt yon gwo krim" ak yon "zam danjre" e paske gen anpil chans pou misye eseye chape poul li si yo lage'l.

Germine atravè avoka li te mete'l dako pou sa fèt, e jij la di si li chanje lide li toujou ka voye yon petisyon bay tribinal la.

Akize a mande tou pou Etazini notifye ofisye konsilè Anbasad Ayiti ke li nan prizon Ozetazini. Konsil Ayisyen an ka ede Germine jwenn yon avoka, kominike ak fanmi li, epi vinn vizite li nan prizon an.

Ekstradisyon Ozetazini

Nap raple ke Etazini te ekstrade misye Madi soti Pòtoprens nan yon avyon espesyal FBI (Biwo Federal Envestigasyon Etazini an). La jistis Ameriken di Polis Nasyonal Ayiti ede'l ak jefò sa a.

Pandan odyans Mèkredi a, jij la, avoka yo, akize a ak entèprèt la te diskite sou detansyon an, kosyon ak pwochen odyans la.

Lwa peyi Etazini mande pou akize konparèt devan la jistis vit e prese, sepandan akòz ka Germine lan konplike anpil, dapre la jistis Ameriken, avoka gouvènman an mande pou yo fè yon eksepsyon e ba yo jiska 8 Jiyè pou prepare pou pwochen parèt devan tribinal la.

Avoka Etazini an di gen plis pase 5,000 dokiman yo gen kòm prèv kont misye e ke sa pral pran tan pou revize tout.

Kidnapping sitwayen Ameriken

Dapre la jistis Ameriken, Germine fèmen nan prizon ann Ayiti depi ane 2018 e li se youn nan lidè gang 400 Mawozo a. La jistis di misye tap dirije operasyon gang lan depi andedan prizon an kote li te sèvi ak telefòn selilè san okenn sipèvizyon.

Gang 400 Mawozo a te reklame responsabilite pou kidnaping 16 sitwayen Ameriken ak yon sitwayen Kanadyen nan sezon otonn 2021. La jistis Amerikèn toujou ap mennen ankèt sou ka sa a e yo poko arete ni akize ofisyèlman koupab yo.

Pwochen odisyon

Pwochen odyans Germine Joly devan jij Robin Merriweather fikse pou 17 Me a 230pm. Odyans sa a se va yon "odyans preliminè" kote akize a va plede koupab ou non koupab e yo va diskite sou lot detay dosye a.

Apre sa, Germine va konparèt devan tribinal anko apre 8 Jiyè.

XS
SM
MD
LG