Accessibility links

Breaking News

Etazini Ekstrade Lidè "400 Mawozo" a alyas "Yonyon"


Germine Joly alyas "Yonyon"
Germine Joly alyas "Yonyon"

Germine Joly alyas "Yonyon" te ekstrade Ozetazini madi 3 me 2022 sa a nan yon avyon espesyal FBI apre yon demann asistans legal mityèl otorite jidisyè Ameriken yo te fè nan dat 22 avril la.

Y ap pouswiv li atravè yon manda entènasyonal ki te pibliye pa Tribinal Distri Etazini pou Distri Columbia sou akizasyon sa yo:

1- Konplo ak vyolasyon Lwa Refòm Kontwòl Ekspòtasyon ak Kontwòl Etazini.
2- Enpòtasyon zam lagè
3- Kidnaping ki te swivi pa sezi ak ranson sitwayen Ameriken.

"Yonyon" se lidè òganizasyon kriminèl ki rele "400 Mawozo" ki enplike nan plizyè zak kriminèl tankou asasina, kidnapin, vòl machin, destriksyon pwopriyete prive ak mete dife elatriye.

Lapolis Nasyonal Ayisyen kontinye ap swiv rès gang kriminèl sa a nan plizyè entèvansyon li te òganize nan jou ki sot pase yo kote yo te swa blese mòtèl nan echanj dife oswa yo te arete.

Anplis de sa, DG ai PNH Frantz Elbé te bay Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) enstriksyon pou apwofondi envestigasyon k ap fèt yo konsènan enpòtasyon zam ak minisyon ki bay fenomèn gangsterizasyon peyi a. Moun sa yo pral pouswiv dapre lwa ayisyen ak lwa entènasyonal ki gouvène zafè a.

XS
SM
MD
LG