Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Gang Mande $500.000 Pou Lage Yon Diplomat Dominiken


Yon Karavan kondwi misyone Christian Aid Ministries yo soti Titanyen o no Potoprens pou mennen yo nan ayewopo, 16 Dec. 2021.
Yon Karavan kondwi misyone Christian Aid Ministries yo soti Titanyen o no Potoprens pou mennen yo nan ayewopo, 16 Dec. 2021.

Gouvènman Repiblik Dominikèn nan anonse dimanch yon gang ann Ayiti kidnape yon diplomat dominiken. Gouvènman Luis Abinader la mande otorite ayisyen yo ede diplomat la jwenn liberasyon l.

Gouvènman Dominiken an mande otorite ayisyen yo lanse "yon ankèt imedyatman" pou yo ede diplomat Carlos Guillen jwenn liberasyon l. Gang te kidnape diplomat dominiken an vandredi nan Kwadèboukè.

Dapre kèk sous, se gang 400 Mawozo ki fè anlèvman an; gang sa a gen kontwòl Kwadèboukè e se nan menm zòn sa yo te kidnape 17 misyonè ameriken ane pase a.

Dapre Ministè Afè Etranjè a nan Santo Domingo, Mesye Guillen se premye diplomat dominiken gang ann Ayiti kidnape.

Laprès dominikèn di gang lan mande yon ranson $500,000.00 pou li lage diplomat la, ki ta prale nan vil Jimani sou fwontyè 2 peyi yo, nan pati lwès Repiblik Dominikèn.

XS
SM
MD
LG