Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Batay Ant Gang Yo Koze Lanmò Plizyè Moun, Plizyè Milye Lòt Kite Kay yo


HAITI-GANGS/
HAITI-GANGS/

Daprè otorite pwoteksyon sivil yo nan peyi d'Ayiti a ak Biwo kowòdinasyon zafè imanitè Nasyonzini yo, fiziyad ant gang rival yo nan Pòtoprens koze lanmò plizyè douzèn moun pandan semèn sa ki sot pase a yo epi fòse plizyè milye moun kouri kite kay yo.

"Omwen 23 kay te boule, ak 48 lekòl, 50 sant medikal ak 8 mache te oblije fèmen," yo te di nan yon rapò yo te voye bay ajans nouvel Reuters Jedi.

Chen Mechan ak 400 Mawozo, ki ki te kidnape yon gwoup misyonè Ameriken ak Kanadyen ane pase, ap mennen yon veritab lagè ant yo depi dat 24 avril la gen omwen omwen 39 moun ki jwen lanmò yo .

Lagè sa kite 68 moun blese, e aktivite gang yo paralize operasyon pi gwo tèminal gaz nan peyi a. Gang yo vòlè 10 kamyon gaz.

Apeprè 9,000 moun te oblije kouri kite kay yo pou jwenn refij yon lòt kote.

Gang ayisyen de jou an jou ap gonfle ponyèt yo depi aprè asasina Prezidan Jovenel Moïse an Jiyè 2021.

XS
SM
MD
LG