Accessibility links

Breaking News

12 Moun Pédi Lavi yo, 40 Blese Nan Bonbadman Larisi kont Severodonetsk


UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT-russie
UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT-russie

Omwen 12 moun te mouri ak 40 lòt blese Jedi nan bonbadman Larisi te lanse sou vil Severodonetsk, nan lès Ikrèn, zòn sa a prèske antoure pa fòs ki soti Moskou, dapre sa gouvènè rejyonal la anonse.

Larisi "te kòmanse bonbade sant rejyonal la depi nan maten ak gwo zam lou. Bonbadman yo kontinye "dapre sa Serguiï Gaïdaï te di sou Telegram.

Fòs Ris yo "kontinye ak atak yo sou Severodonetsk e yo entansifye operasyon yo alantou Lyman", yon lòt vil ke yo prèske antoure kounye a.

Severodonetsk ak Lyssytchansk konstitye de vil ki ap fé rezistans nan Ikrèn ak soldà Ris yo (rejyon Lugansk). Larisi ki antoure yo kounye, se sèlman gwo larivyè Lefrat ki separe de vil yo. Solda ris yo bonbade yo san rete pou mete fen ak rezistans Ikrenyen an epi anpeche yo jwenn ranfòsman.

Yon ekip AFP ki te sou plas obsève ke Severodonetsk te anba anpil gwo kout zam. Rezidan yo pa gen aksè a dlo, elektrisite oswa gaz depi plizyè semèn.

XS
SM
MD
LG