Accessibility links

Breaking News

6 Moun Mouri, 24 Blese nan yon Fiziyad Pandan yon Parad 4 Jiyè nan Chicago


Lapolis fouye yoon bilding apre yon fiziyad nan Highland Park, yon banlye Chicago pandan yon parad 4 Jiye, Lendi 4 Jiye, 2022.
Lapolis fouye yoon bilding apre yon fiziyad nan Highland Park, yon banlye Chicago pandan yon parad 4 Jiye, Lendi 4 Jiye, 2022.

Lapolis di omwens 6 moun mouri e 24 lòt blese nan yon fiziyad ki dewoule pandan yon parad 4 Jiyè nan yon banlye Chicago. Lapolis ap chache yon sispèk ki te tire sou parad la depi twa yon kay.

Komandan lapolis Highland Park Chris O'Neill lanse apèl bay popilasyon an pou'l rete lakay li nan moman otorite yo ap chache sispèk la, ke yo dekri tankou yon gason blan ki gen yon mayo blan oubyen ble sou li.

Pòt pawòl inite Lake Country ki travay sou gwo krim, Christopher Covelli deklare pandan yon konferans pou laprès ke sispèk la louvri zam sou moun ki tap patisipe nan parad la depi twa yon kay Lendi Maten e ke li te sèvi ak yon fizi ke yo jwenn sou sèn nan.

Covelli di lapolis kwè gen yon sèl moun ki tap tire e ke yo ta dwe konsidere'l kòm ame e danjre. Lapolis poko pibliye okenn detay sou viktim yo.

XS
SM
MD
LG