Accessibility links

Breaking News

2 Mò, Yon Blese anba Bal yon Legliz Jedi nan Alabama


Mall Shooting Alabama
Mall Shooting Alabama

Yon nèg, ki aji pou kont li, antre nan yon legliz nan Eta Alabama jedi swa epi li ouvè koutzam sou yon ti gwoup moun ki te nan yon reyinyon. 2 fidel mouri epi yon 3em blese. Dapre otorite yo, lapolis arete sispèk la ke yo pa idantifye apre ensidan sa a ki rive nan Legliz Episkopal Sent Etyèn, nan Vestavia Hills, yon banlye vil Birmingham. Gouvènè Kay Ivey fè konnen:

“Yon bagay konsa pa ta dwe rive --- nan yon legliz, nan yon boutik, yon magazen, nan yon vil, ni nenpòt ki lot kote. Nou kontinye suiv sitiyasyon an de prè.”

Dapre sa moun ka li sou sitweb legliz la, yo te pwograme yon dine kote chak moun t ap pote manje yo jedi swa. Anons la te mande moun yo pote “yon pla pou n separe” epi li te envite patisipan yo “manje tou senpleman anvan yo asiste sèvis la.”

Fiziyad sa a nan yon legliz se dènye an dat nan yon seri tire ki fèt Ozetazini nan jou ak semèn ki fèk pase yo e ki pwovoke deba sou nesesite pou gen refòm sou zamafe. Mwa pase a, 10 Nwa Ameriken te pèdi lavi yo anba atak yon nonm rasis nan yon sipèmache nan Buffalo, New York. Pi ta nan menm mwa a, 19 ti elèv lekòl ak 2 pwofesè te mouri anba bal yon nèg ame nan vil Uvalde, o Tekzas.

Plizyè milye moun te reyini samdi pase sou Mall Nasyonal la, nan Washington, kote yo te lanse apèl pou mande dispozisyon ki pi sevè sou kontwòl zamafe.

XS
SM
MD
LG