Accessibility links

Breaking News

Responsab, Sitwayen Ameriken Reyaji sou Gwo Desizyon Kou Siprèm nan Pran sou Zam


Yon polisye veye devan Kou Siprem nan, Jedi 23 Jyen, 2022.
Yon polisye veye devan Kou Siprem nan, Jedi 23 Jyen, 2022.

Kou Siprèm Etazini deklare Jedi ke tout Ameriken gen dwa pote zam an piblik pou defann tèt yo. Se yon gwo ekspansyon dwa sitwayen Etazini genyen pou pote zam.

Desizyon sa a vini apre fiziyad ki souke peyi a e li pral pèmèt plis moun pote zam legalman nan lari pi gwo vil Ameriken yo - pami yo Nouyòk, Los Angeles, ak Boston.

"Nou paka kite Nouyok tounen L'Oksidan Sovaj. Sa pa akseptab. Nou pap kite vil kote nap viv la tounen yon vil kote nou pè ke tout moun deyo a gen zam e ke yon kont ta ka dejenere nan yon twoke zam," Eric Adams, majistra vil Nouyok deklare.

"Kou Siprèm Etazini an rache nan men Nouyok dwa ak responsabilite li genyen pou'l pwoteje sitwayen li yo," Kathy Hochul, gouvènè eta Nouyòk deklare. "Se yon desizyon nou poko dijere. Sa bay kè sote pou wè kijan yap fè peyi a fè mach ann aryè, anski konsène kapasite pou pwoteje sitwayen yo konpare ak jan sa te ye lè peyi a te fonde."

Apepre yon ka popilasyon Amerikèn nan pral afekte pa desizyon Kou Siprem nan, ki anile yon lwa sou zam Nouyòk adopte."

Responsab, Sitwayen Ameriken Reyaji sou Gwo Desizyon Kou Siprèm nan Pran sou Zam
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:18 0:00

Desizyon an kote 6 jij vote an favè e 3 vote kont, se premye desizyon enpòtan Tribinal la pran sou zam depi plis pase 10 zan. Majorite jij Kou Siprèm nan se konsevatè - se yomenm ki vote pou - gen 3 jij liberal ki vote kont yo menm.

"Jodia kou siprem etazini vote 6 kont 3 pou etann dwa pote zam nan. Se yon wont le nap konstate plis zak vyolans Ozetazini akoz zam," Pe Patrick Mahoney, manm gwoup Lide Relizye Ki Vle Sispann Zak Vyolans ak Zam di jounalis Associated Press. "Pankat sa a montre gen 2,400 timoun inonsan ki mouri ak blese akoz vyolans ak zam. Nou lanse apel bay tout manm Kongre Etazini pou adopte restriksyon ak pwoteksyon pou redui zak vyolans ak zam yo. "

Sitwayen Steve Brown limenm bat bravo.

"Mwen kontan ak desizyon an. Men byen antandi fòk mwen li'l pou we sa li di. Men pou kounyea mwen trè kontan. Nouyòk pa tankou lòt eta yo. Pi fò peyi a gen plis dwa pou pote zam pase Nouyòk," Misye Brown deklare. "Desizyon sa a pral mete Nouyòk nan menm nivo res Etazini sou kestyon zam nan. Paske nan pi fò eta yo, ou ka jwenn yon pemi pou achte zam, swadizam rejim nan kote nan seten kondisyon ou ka achte yon zam. Nan Nouyòk menm, se responsab lokal yo ki deside kiyès ki ka achte zam. Eben mwen sispèk desizyon jodia pral fini ak sa. Kivledi si ou reponn sèten kondisyon kounyea, wap kapab achte yon zam."

Desizyon an vini tou nan moman kongrè Etazini ap travay pou adopte yon pwoje lwa sou zam, apre fiziyad ki sot fet nan Texas, Nouyòk ak Kalifoni.

Prezidan Joe Biden pibliye yon deklarasyon kote li di li "trè desi" pa desizyon Kou Siprem nan.

Desizyon an voye jete yon lwa eta Nouyok adopte ki egzije moun montre poukisa yo bezwen pote zam anvan yo akòde yo yon lisans pou pote zam an piblik.

Jij yo di egzijans sa a vyole 2em Amandman Konstitusyon an ki bay tout sitwayen "dwa pou yo pote zam".

Kalifòni, Hawaii, Maryland, Massachusetts, New Jerze, ak Rhode Island - yo tout gen lwa konsa. Administrasyon Biden nan lanse apel bay jij yo pou yo apiye lwa Nouyòk la.

Gouvènè Nouyòk la, Kathy Hochul deklare desizyon an tonbe nan yon moman penib, kote Nouyòkè yo deja ap pote dèy pou 10 moun ki te mouri nan yon fiziyad nan yon sipèmache nan vil Buffalo.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG