Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Negosyatè yo Pa Lwen Jwenn Yon Akò sou Kontwòl Zam, daprè Senatè yo


Gun Control Rally
Gun Control Rally

Washington - Nan Sena ameriken an, prensipal lidè demokrat ak repibliken fè konnen negosyatè yo rive jwenn yon akò madi sou yon lejislasyon 2 pati yo apiye konsènan kontwòl zam. Akò sa a pare chemen an pou yon vòt dewoule semèn sa a sou yon plan trè zanpòtan ki va antre an aplikasyon etap pa etap; li ta ka reprezante repons Kongrè a pou asasina kote moun te mouri pa bann e pa pakèt nan Tekzas ak New York, asasina ki te choke nasyon an.

9 jou aprè negosyatè Sena a te mete yo dakò sou yon pwopozisyon kad, 29 lane aprè Kongrè a te adopte pou la dènyè fwa kèk règleman sou zamafe enpòtan, Senatè Chris Murphy, yon Demokrat Eta Konektikit, ak John Cornyn, yon Repibliken Eta Tekzas, te fè laprès konnen 2 pati yo rive jwenn yon antant final sou detay akò a.

Lejislasyon sa a kapab ranfòse verifikasyon dosye kriminèl yon jenn moun ki vle achte zam, egzije plis vandè zam mennen ankèt sou kazye jidisyè achtè yo epi ranfòse pèn yo sou moun ki vyole règleman sou zam yo. Se konsa tou, lejislasyon an ta kapab dekese lajan pou eta yo ak kominote yo yon fason pou amelyore sakirite nan lekòl yo epi ranfòse inisyativ konsènan sante mantal.

Se madi swa manm Kongrè a pibliye lejislasyon an ki genyen 80 paj. Asistan senatè yo fè konnen mezi lejislatif sa a kapab koute anviwon 15 milya dola e, daprè Senatè Murphy, lajan pou peye pou aplikasyon lejislasyon an, si l tounen yon lwa, deja disponib.

XS
SM
MD
LG