Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm Etazini an Deklare Ameriken Gen Dwa Sikile avèk Zam


)

Pi gwo tribinal Ozetazini, an palan de Kou Siprèm nan, deside jedi anile yon lwa sou zam ke Eta Nouyòk te adopte pou anpeche sitwayen ameriken sikile ak zam atravè tout tèritwa eta a.

Desisyon sa a bay sitwayen yo garanti ke yo kapab kite kay yo avèk zam sou yo. Se yon majorite 6 jij sou 9 ki vote pou adopte desizyon an; sètadi tout jij konsèvatè yo vote "wi".

Jiska prezan senatè yo ap travay sou dosye zam Ozetazini apre plizyè seri fiziyad ki te touye anpil moun nan peyi a. Youn ladan yo te rivee 24 me pase a, kote 21 moun te pèdi lavi yo nan yon lekòl primè nan Tekzas.

XS
SM
MD
LG