Accessibility links

Breaking News

Ekstremis Blan yo Ap Chofe Tèt Plizyè Milye Moun sou Rezo Sosyal


Foto Achiv: Yon ankete gade sen yon fiziyad nan yon sipemache nan vil Buffalo, eta Nouyok, 16 Me 2022.
Foto Achiv: Yon ankete gade sen yon fiziyad nan yon sipemache nan vil Buffalo, eta Nouyok, 16 Me 2022.

Nasyonalis blan ak ekstremis yo ap konstwi yon seri kominote macho sou rezo sosyal tankou Instagram, Telegram ak TikTok.

Kont yo tabli yo ap sevi ak # (dyez) kode ak pawòl ki chofe plizyè milye moun kap swiv yo sou kestyon ki divize sosyete Ameriken nan tankou pa egzanp avòtman ak fiziyad ki dewoule nan peyi a.

Se kestyon Depatman Sekirite Nasyonal la lanse avetisman pou di Madi ki ka pouse kèk ekstremis pou yo atake lye piblik toupatou nan peyi a.

Ke sote sa a pami responsab yo vini apre yon tinedjè 18 an ki deklare li te radikalize sou entènèt la te debake nan yon sipèmache nan Buffalo, eta Nouyòk epi louvri zam sou kliyan nwa yo. Li touye 10 moun.

XS
SM
MD
LG