Accessibility links

Breaking News

3 Moun Blese Grav nan yon Fiziyad nan Danmark


Sekouris yo rasanble devan sant acha Fields apre lapolis Danwa rapote yon fiziyad, nan Kopenhag, Danmark, 3 Jiye, 2022.
Sekouris yo rasanble devan sant acha Fields apre lapolis Danwa rapote yon fiziyad, nan Kopenhag, Danmark, 3 Jiye, 2022.

Lapolis peyi Danmark deklare 3 moun mouri e 3 lot nan kondisyon kritik apre yon fiziyad nan yon sant d'acha nan Kopenhag.

Enspektè lapolis Kopenhag la, Soren Thomassen di 3 viktim atak Dimanch la se yon gason ki nan 40èn ni ak "2 jèn jan".

Thomassen te anonse anvan se ke yo te arete yon Danwa ki gen 22 zan apre fiziyad la. Li di lapolis pat gen oken endikasyon kom kwa gen lot moun ki enplike nan krim nan, men ke lapolis toujou ap mennen ankèt. Li di li two bonè pou spekile poukisa moun nan pran tire konsa.

Moun kouri kite Field's, yon sant acha nan Kopenhag, Danmark apre yon fiziyad, Dimanch 3 Jiye, 2022.
Moun kouri kite Field's, yon sant acha nan Kopenhag, Danmark apre yon fiziyad, Dimanch 3 Jiye, 2022.

Fiziyad la fèt ta nan apremidi nan Field's, youn nan pi gran sant acha Skandinav yo. Dapre temwen yo lè tire a komanse, gen moun ki kouri al kache nan magazen, tandiske lot te panike epi moun pile yo lè yo tonbe atè.

XS
SM
MD
LG