Accessibility links

Breaking News

'Nap Sove Lavi Moun' Biden di Apre Siyati Nouvo Lwa sou Zam nan


Prezidan Joe Biden Siyen lwa S.2938, ki mete plis restriksyon sou acha zam, nan Chanm Roosevelt Lamezonblanch la nan Washington, Samdi 25 Jyen, 2022.
Prezidan Joe Biden Siyen lwa S.2938, ki mete plis restriksyon sou acha zam, nan Chanm Roosevelt Lamezonblanch la nan Washington, Samdi 25 Jyen, 2022.

Prezidan Joe Biden siyen lwa sou zak vyolans ak zam pi enpòtan Etazini adopte depi plizyè dizèn lane.

Konpwomi a, ki gen apwi ni Demokrat, ni Repibliken te sanble li patap posib - jiskaske yon seri fiziyad, pami yo masak 19 elèv lekòl primè ak 2 pwofesè nan eta Texas.

La Chanm dè Reprezantan bay apwobasyon final li sou lwa a Vandredi, apre Sena a te apwouve'l Jedi. Prezidan Biden siyen'l yon ti tan anvan li kite Washington pou'l al asiste 2 rankont o somè lidè mondyal yo ann Ewòp.

Lwa a pral mete ann aplikasyon envestigasyon pi pwofon sou jèn jan ki vle achte zam, li anpeche moun ki komèt zak vyolans kont fanmi yo ak menaj yo gen zam epi li ede eta yo mete an plwas lwa ki rann ni pi fasil pou otorite yo wete zam nen men moun yo jije ki danjre.

Pi fò lajan ki nan lejislasyon an - ki vo yon total $13 milya - pral depanse pou ranfòse pwogram sante mandal yo epi ede lekòl yo.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press.

XS
SM
MD
LG