Accessibility links

Breaking News

Gouvènè Nouyòk la Siyen yon Lwa ki Ogmante Laj pou Achte yon Zam Semi-Otomatik


Gouvene Nouyok la Kathy Hochul (mitan) siyen yon seri lwa pou ranfose kontwol zam a fe, Lendi, 6 Jyen 2022.
Gouvene Nouyok la Kathy Hochul (mitan) siyen yon seri lwa pou ranfose kontwol zam a fe, Lendi, 6 Jyen 2022.

Moun Nouyòk ki gen mwenske 21 an pral entèdi achte zam semi-otomatik dapre yon lwa Gouvènè Kathy Hochul fèk siyen.

Demokrat la siyen 10 pwojè lwa sou zam Lendi. Eta Nouyòk tounen premye eta Ozetazini ki apwouve tip lwa sa a apre yon seri fiziyad ki dewoule nan peyi a e ki lakoz yon pakèt moun mouri.

Youn nan lwa yo mande pou mete yon mak mikwoskopik sou nouvo zam yo, ki taka ede lapolis jwenn moun ki komèt krim ak zam.

Yon lot lwa revize "drapo wouj" eta a ki pèmèt tribinal yo pran zam moun ki taka poze yon danje pou tèt yo oubyen lòt moun pwovizwaman.

XS
SM
MD
LG