Accessibility links

Breaking News

4 Moun Mouri Fizye nan Yon Konplèks Medikal nan Oklahoma Mèkredi


Scene of a shooting at a clinic in Tulsa
Scene of a shooting at a clinic in Tulsa

Tulsa, Oklahoma - 4 moun mouri ansinen mèkredi nan yon fiziyad ki fèt nan yon konplèks medikal nan Eta Oklahoma, ki nan sant-west Lèzetazini, daprè yon kaptenn lapolis. Vis K òmandan Jonathan Brooks, k ap travay pou Depatman Polis vil Tulsa a, konfime kantite moun ki mouri yo; li fè konnen atakan an mouri tou, e sanble se li ki tire tèt li.

Daprè Kòmandan Brooks toujou, pèsonn poko konnen ekzakteman kisa ki pwovoke atak motèl sa a. Sepandna, atakan an ke yo pa idantifye te gen 2 zam nan men l: yon revolvè ak yon fizi, e li rire tou le 2 pandan ensidan an. Depatman Polis la ekri sou kont Facebok li:

“Lapolis te prese reponn sou plas 3 minit apre yo te resevwa apèl sou atak la e yo ale de chanm an chanm nan konplèks medikal la pou yo te wè si pa t gen plis moun ki ekspoze, epi yo te rankontre ak atakan an yon minit pi ta.”

Kaptenn Richard Meulenberg fè konen tou gen divès moun ki blese; e responsab lopital yo di yo poko an mezi pou yo idantifye moun ki mouri yo.

Sistèm swen sante Sen Franswa a te fèmen “campus” li mèkredi aprèmidi akoz fiziyad ki fèt nan Konplèks Medikal Natalie a. Mezon Natalie a se yon konplèks medikal kote malad fè operasyon rapid epi yo retounen lakay yo, an menm tan ke li se yon sant sante ki ankouraje manman yo bay ti bebe yo tete.

XS
SM
MD
LG