Accessibility links

Breaking News

La Chanm dè Reprezantan Oganize yon Odisyon Rapid sou yon Nouvo Lwa Kontwòl Zam


Depite eta Texas Sheila Jackson Lee, yon Demokrat pale sou restriksyon pi seve pou moun kap achte zam ki nan yon pwoje lwa ki rele Pwoteje Timoun nou yo, Jedi 2 Jyen 2022.
Depite eta Texas Sheila Jackson Lee, yon Demokrat pale sou restriksyon pi seve pou moun kap achte zam ki nan yon pwoje lwa ki rele Pwoteje Timoun nou yo, Jedi 2 Jyen 2022.

La Chanm dè Reprezantan Etazini ap travay sou yon pwojè lwa ki gen rapo ak zam, pou reponn fiziyad tinedjè komèt nan eta Texas ak Nouyòk.

Komite Jidisyè La Chanm nan ap fè yon odisyon jodi Jedi a sou yon pwojè lwa ki ta ogmante de 18 an a 21 an, laj yon moun dwe genyen pou achte yon zam fann fwa semi-otomatik.

Pwojè lwa a ta rann ni yon krim federal tou pou fabrike oubyen posede sa yo rele "magazin" - setadi pake bal ki gen kapasite pou touye yon dig dal moun, epi kreye yon pwogram espesyal pou achte pake bal sa yo nan men moun ki posede yo.

Akoz Repibliken pou pi fò opoze restriksyon sa yo, pa gen anpil chans pou Sena a fè deba sou pwojè lwa a, men senatè tou 2 pati yo ap travay an prive sou yon lwa separe ke yo espere yo kapab adopte.

XS
SM
MD
LG