Accessibility links

Breaking News

Lidè Chanm Depite Etazini McCarthy Pral Fè yon Rankont Istorik ak Prezidan Taiwan


Lide Lachanm Depite Etazini, Kevin McCarthy (Repibliken eta Kalifoni) pale ak jounalis yo nan Capitol la nan Washington 30 Mas, 2023.
Lide Lachanm Depite Etazini, Kevin McCarthy (Repibliken eta Kalifoni) pale ak jounalis yo nan Capitol la nan Washington 30 Mas, 2023.

Rankont ki pral dewoule jodi Mèkredi a nan Kalifoni ant Lidè Chanm Depite Etazini ak prezidan Taiwan se pral yon moman istorik e ra, paske lap fèt sou sòl Ameriken.

Rankont wo pwofil la ant Prezidan Tsai Ing-wen ak Lidè Lachanm Depite Kevin McCarthy gen kòm bi pou kore sipò pou zile a.

Sepandan rankont la, ki pral dewoule nan bibyotèk prezidansyèl Ronald Regan nan, gen anpil chans pou l soulve kolè Lachin.

Se youn nan eskal pi sansib vire won Tsai ap fè Ozetazini ak Amerik Latin nan.

Pou McCarthy, ki pa mete dlo nan bouch li pou l kritike Lachin, se yon antre nan domèn politik etranje a antanke Lidè Lachanm.

XS
SM
MD
LG