Accessibility links

Breaking News

Taiwan Defye Presyon Lachin Anvan Rankont Prezidan an ak Lidè Chanm Depite Etazini


Prezidan Taiwan Tsai Ing-wen vizite yon pwoje mouton ak kabrit Taiwan apiye nan vil Cayo, Beliz, 3 Avril 2023.
Prezidan Taiwan Tsai Ing-wen vizite yon pwoje mouton ak kabrit Taiwan apiye nan vil Cayo, Beliz, 3 Avril 2023.

Taiwan pa sede devan presyon ak menas Lachin lanse pou di kòm kwa li pral pran reprezay kont zile a, akoz rankont prezidan an anvizaje fè Mèkredi ak Lidè Lachanm Depite Etazini an. Prezidan Tsai Ing-wen ap mete fen nan yon vire won kote li vizite alye diplomatik Taiwan genyen nan Amerik Latin, Beliz ak Guatemala.

Aspè politik pi sansib vizit li se pral yon rankont ak Lidè Lachanm Depite Kevin McCarthy nan Los Angeles anvan li retounen lakay li.

Lachin konsidere Taiwan tankou teritwa pa li e li trete nempòt ki rankont ant Etazini ak responsab Taiwanè yo tankou yon defi vizavi souvrènte li.

Minis Afè Etranje Taiwanè a di zile a pat janm fè pati Lachin, e ke kritik Peken ap lanse se jou si yo se "pawòl moun fou."

XS
SM
MD
LG