Accessibility links

Breaking News
Azi

Lachin Lanse yon Pinga bay Lidè Taiwan Akoz yon Rankont li Pral Fè ak Responsab Ameriken


Prezidan Taiwan Tsai Ing-wen (mitan) ak sekrete jeneral biwo prezidans la Lin Chia-lung (a goch) epi Minis Afe Etranje Joseph Wu (a dwat), nan Taipei, Taiwan, 29 Mas, 2023.
Prezidan Taiwan Tsai Ing-wen (mitan) ak sekrete jeneral biwo prezidans la Lin Chia-lung (a goch) epi Minis Afe Etranje Joseph Wu (a dwat), nan Taipei, Taiwan, 29 Mas, 2023.

Lachin menase pou l "kontrekare yon fason rezolu" rankont prezidan Taiwan nan ap planifye pou fè ak Lide Lachanm Depite Etazini pandan yon vizit nan vil Los Angeles.

Biwo Chinwa pou Zafè ki gen pou wè ak Taiwan nan mande pou oken responsab Ameriken pa rankontre Prezidan Taiwanèz Tsai Ing-wen.

Tsai pati kite Taiwan Mekredi pou peyi etranje. Li pral vizite Guatemala ak Belize. Prezidan an sipoze fè yon pase Los Angeles 5 Avril la anvan li retounen Taiwan.

Se pandan eskal sa a ke li gen entansyon rankontre Lidè Lachanm Kevin McCarthy.

Ministe Afè Etranjè Lachin nan blame Washington pou tansyon ki egziste ant Peken ak Etazini. Li di se paske Washington ogmante relasyon ni ak Tsai.

Taiwan te separe ak Lachin apre yon gè sivil an 1949. Kounyea zile a endepandan. Sepandan, Lachin toujou konsidere Taiwan tankou teritwa pa li.

XS
SM
MD
LG