Accessibility links

Breaking News

Onduras Tabli Relasyon Diplomatik ak Lachin


Minis Afe Etranje Onduras Eduardo Enrique Reina Garcia ak Minis Afe Etranje Chinwa Qin Gang pandan yon seremoni pou tabli relasyon diplomatik nan Peken, 26 Mas, 2023.
Minis Afe Etranje Onduras Eduardo Enrique Reina Garcia ak Minis Afe Etranje Chinwa Qin Gang pandan yon seremoni pou tabli relasyon diplomatik nan Peken, 26 Mas, 2023.

Onduras tabli relasyon diplomatik ak Lachin apre li kite tonbe relasyon li te genyen ak Taiwan.

Sa vinn fè sèlman 13 peyi ki rekonèt Taiwan ofisyèlman.

Minis afè etranjè Lachin ak Onduras te siyen yon kominike konjwen Dimanch nan Peken - yon desizyon Ministè Afè Etranjè Chinwa a chante lwanj kòm "bon chwa a."

Viktwa diplomatik sa a pou Lachin vini nan moman kote Peken ap vinn de plizanpli agresif vizavi Taiwan epi siyale enfliyans Lachin ap ogmante nan Amerik Latin nan.

Minis Afè Etranjè Taiwanè a, Joseph Wu deklare Onduras te mande Taiwan plizyè milya dola asistans epi konpare li ak plan Lachin te prezante yo.

Prezidan Taiwan nan Tsai Ing-wen di gouvènman li an pap patisipe nan yon "konpetisyon initil diplomasi dola ak Lachin."

XS
SM
MD
LG