Accessibility links

Breaking News

Desisyon Ondiras pou Kraze Relasyon Diplomatik li Ak Taiwan Soulve Gwo Enkyetid Jeopolitik


HONDURAS-CHINA-TAIWÁN
HONDURAS-CHINA-TAIWÁN

MEXICO CITY (AP) — Desizyon ke gouvènman Ondiras la pran pou koupe relasyon diplomatik ak Taiwan anfavè Lachin sa ankò se yon lòt siy ki montre enfliyans Lachin kontinye ap grandi nan rejyon Amerik Latin nan.

Depi dè dizèn lane, sipè-pwisans ki kanpe nan kontinan Azi a te envesti plizyè milya dola nan pwojè envestisman ak enfrastrikti nan rejyon amerik Latin nan.

Kounye a, pandan tansyon jeopolitik ap chofe ant Lachin ak administrasyon Biden nan, envestiman sa pote fwi.

Enrique Reina ki se Minis Relasyon Etranje nan Ondiras, di ajans nouvèl AP News mèkredi ke pèp Ondiras la gen Taiwan "rekonesans" pou relasyon yo te genyen ak li, men ke rapò ekonomik yo ak Lachin kounye a finalman fè yo pran desizyon sou kesyon an.

Lachin ap make pwen: semèn pase a li te ofri tèt li kòm medyatè pou Iran ak Arabi Saoudit te rive retabli relasyon diplomatik antre yo.

XS
SM
MD
LG