Accessibility links

Breaking News

Ondiras Pral Tabli Relasyon Diplomatik ak Lachin


Foto Achiv: Prezidan Ondiras Xiomara Castro.
Foto Achiv: Prezidan Ondiras Xiomara Castro.

Prezidan Ondiras, Xiomara Castro anonse Madi ke gouvènman li an pral chache tabli relasyon diplomatik ak Lachin. Sa enplike yo pral koupe relasyon ak Taiwan.

Chanjman nan politik la ta ka bese kantite peyi ki rekonèt Taiwan a 13 sèlman nan moman Lachin ap depanse plizyè milya dola pou pran tèt peyi pou yo rekonèt politik "Yon Sèl Chin" li an.

Castro deklare sou kont Twitter li ke li pase lòd bay Minis Afè Etranje Eduardo Reina pou l tanmen negosyasyon ak Lachin. Li di entansyon li se "etann fwontyè lib ann akò ak lòt peyi nan mond lan."

Nan yon deklarasyon li pibliye, ministe afe etranje Taiwan nan ekri pou di "Nou mande Ondiras pou'l reflechi byen, e pa pran nan pèlen Lachin."

XS
SM
MD
LG