Accessibility links

Breaking News

Taiwan Rale Anbasadè li Soti Ondiras apre Minis Afè Etranjè Ondiras te Vizite Lachin


HONDURAS-CHINA/TAIWAN (UPDATE 3, PIX)
HONDURAS-CHINA/TAIWAN (UPDATE 3, PIX)

Taiwan: Yon deklarasyon gouvènman Taipei a fè konnen Taiwan mande anbasadè li nan Ondiras pou retounen lakay li Jedi pou pwoteste kont vizit minis afè etranjè Ondiras la te fè nan peyi Lachin.

Minis afè etranjè Taiwan nan deklare ke "Ondiras te inyore plis pase 80 ane amitye Taiwan ak Ondiras lè li te deside voye minis afè etranjè li al vizite Lachin, sa ki pa antre ditou nan santiman gouvènman nou an ansanm ak tout pèp nou an."

"Nou deside imedyatman raple anbasadè nou an nan Ondiras pou eksprime gwo mekontantman nou genyen."

XS
SM
MD
LG