Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Joe Biden nan ap Chache Redui Nenpòt Kolè Posib Bò Kote LaChin Akoz Yon Posib Vizit Prezidan Taiwan nan


FILE PHOTO: Taiwan President Tsai Ing-wen speaks during a news conference with the incoming Taiwan Premier Chen Chien-jen and outgoing Taiwan Premier Su Tseng-chang, in Taipei
FILE PHOTO: Taiwan President Tsai Ing-wen speaks during a news conference with the incoming Taiwan Premier Chen Chien-jen and outgoing Taiwan Premier Su Tseng-chang, in Taipei

Administrasyon Prezidan Etazini Joe Biden nan ap chache redui nenpòt kolè posib bò kote LaChin poutèt yon vizit ke Prezidan Taiwan Madam Tsai Ing-wen pwal fè nan Etazini.

Prezidan Tsai pwal fè eskal nan eta Kalifòni ak New York mwa sa a anvan li anbake nan yon misyon ofisyèl nan Amerik Santral. Dapre yon otorite nan administrasyon an ki pa vle non li site, administrasyon Biden nan di Peken ke se abitid prezidan ki pase nan Taiwan yo pou fè eskal nan Etazini pandan yo pwal visite lòt nasyon, ke se menm bagay la Tsai ap fè, e ke li te fè 6 eskal ant 2016 ak 2019.

Otorite a di LaChin pa dwe sèvi ak eskal Tsai nan Etazini an kòm rezon pou li pran yon aksyon agresif kont Taiwan.

LaChin te reponn yon vizit lidè Chanm Depite Etazini Nancy Pelosi nan Taiwan nan lanse plizyè jou gwo ekzèsis militè sou Detwa Taiwann nan, antwòt li te lanse misil balistik nan dlo ki separe zile a ak Gran Chin nan.

XS
SM
MD
LG