Accessibility links

Breaking News

Biden, Trudeau Pral Diskite sou Ikrèn, Bidjè Defans ak Ayiti nan Ottawa


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden bay lanmen ak Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau pandan yon rankont bilateral nan Mexico Citi, Meksik, 10 Janvye 2023.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden bay lanmen ak Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau pandan yon rankont bilateral nan Mexico Citi, Meksik, 10 Janvye 2023.

Prezidan Joe Biden pral fè yon vizit nan peyi Kanada, ki se yon alye pwoch Etazini semèn sa a pou eksprime pozisyon inifye 2 peyi yo adopte sou Ikrèn ak anvironman an. Sepandan pa gen anpil chans pou pwogrè fèt sou mezantant komèsyal yo, dapre sa kèk sous di ajans nouvèl Reuters Madi.

Biden pral Ottawa, ki se kapital Kanada Jedi ak Vandredi. Li pral pwononse yon diskou devan Palman an epi rankontre Premye Minis Justin Trudeau.

Prezidan Ameriken yo konn suiv tradisyon kote yo fè premye vwayaj entènasyonal yo nan peyi Kanada - men te gen kèk delè nan plan sa a, an pati akoz pandemi COVID-19 la. Kidonk, Biden deja vizite yon afè 20 peyi etranje anvan li ale Kanada. Sepandan premye rankont bilateral prezidans li sete ak Trudeau - men pa videyo-konferans.

Sous Ameriken ak Kanadyen di pa gen anpil chans pou lidè yo fè anons ki gen anpil siyifikasyon pandan vizit la. Biden ak Trudeau antann yo pou kontinye travay sou domèn kote yo pa dako -- tankou pa egzanp depans sou sistèm defans, kriz la an Ayiti, ak yon mezantant komèsyal ki gen rapo ak pwodui letye.

Ekonomi, Komès

Kestyon pi enpotan an pou Ottawa, se jefo Biden ap fè pou l ogmante pwodiksyon Ozetazini, ki gen yon ekonomi ki 10 fwa pi gran pase peyi Kanada.

Lwa Rediksyon Enflasyon Biden nan te apwouve ane pase a, e li gen ladann gwo ensantiv pou envesti nan endistri renouvlab Ozetazini. Sa fose Kanada pou l eseye konpanse pou diferans la ak pwop envestisman pa li.

Goldy Hyder ki se direkte egzekitif Konsey Biznis Kanada a di li vle pou Etazini rekonet pi plis ke ekonomi 2 peyi yo trez entegre e ke konpayi Kanadyen yo taka benefisye de lwa Ameriken an tou.

Ikrèn

Malgre pozisyon inifye yo pa rapo ak Ikrèn, Etazini mwen kontan ak kantite lajan Kanada depanse nan domèn defans la ki pa rive a objektif 2% GDP li ke manm LOTAN yo fikse.

Konfli ak Lachin sou balon Chinwa a mete aksan sou NORAD - yo oganizasyon defans konjwen Ameriken-Kanadyen ke ekspe yo di bezwen nouvo teknoloji.

Nwn mwad Jyen 2022, Kanada te pwomet pou l envesti $4,9 milyon (dola Kanadyen) swa $3,6 milyon (ameriken) pandan 6 zan pou modènize NORAD. Sepandan Kanada depanse 1,3% GDP li sou defans, ki se bokou mwens ke 2% LOTAN sigjere a.

David Cohen, Anbasadè Etazini nan Kanada di televizyon Kanadyèn nan ke kestyon depans sou defans la taka yon sijè konvèsasyon pandan rankont la.

Ayiti

Etazini vle tou pou Kanada fè fas ak kawo ki egzidte an Ayiti a epi petèt dirije yon misyon sekiritè, men pi bonè mwa sa a jeneral pi wo plase Kanadyen an te di peyi a pa gen kapasite pou l fè sa.

Gen anpil chans pou Trudeau pran angajman vizavi Ayiti men mwenske Washington espere, dapre yon sous ki byen ranseye sou somè a.

XS
SM
MD
LG