Accessibility links

Breaking News

Taiwan Fè yon Oganizasyon Fanm Ayisyèn Kado Materyo pou Ede Viktim Zak Vyolans Gang yo


Anbasade Taiwan Wen-jiann Ku ak responsab Kolektif Fanm Angaje ak don pou viktim zak vyolans gang yo, nan Potoprens, Ayiti, 29 Mas, 2023. (Foto: @Tw_Haiti)
Anbasade Taiwan Wen-jiann Ku ak responsab Kolektif Fanm Angaje ak don pou viktim zak vyolans gang yo, nan Potoprens, Ayiti, 29 Mas, 2023. (Foto: @Tw_Haiti)

Anbasadè peyi Taiwan an Ayiti, Wen-jiann Ku te vizite Kolektif Fanm Angaje pou Ayiti pou ba yo yon seri materyo. Oganizasyon sila a ap travay pou amelyore lavi moun ki oblije kite kay yo akoz zak vyolans.

Don Taiwan nan te fèt nan non fondasyon Simply Help la.

Fondasyon Simply Help se yon ONG (oganizasyon non-gouvenmantal) ki gen katye jeneral li nan Los Angeles, Kalifoni e ki gen kòm bi pou ede moun defavorize Ozetazini ak nan 30 peyi etranje.

Anbasad la pibliye foto vizit Anbasadè Ku sou kont ofisyèl Twitter li.


Anbasad Taiwan di li se "zanmi fidèl Ayiti e ke li va toujou kanpe bò kote pèp Ayisyen an." Li ajoute modèl kowoperasyon ki egziste ant 2 peyi yo se "pi bon egzanp la. Ou paka twoke represyon ak chantaj pou yon vre amitye."

Sanble dènye fraz sa a fè referans ak tantativ Lachin kominis ap fè pou l tabli relasyon diplomatik ak plis peyi nan rejyon Amerik Latin nan epi dekouraje kèk pami peyi ki gen relasyon ak Taiwan pou yo kite relasyon sa yo tonbe epi tabli relasyon pito ak Peken.

Sa pa gen lontan, Onduras te anonse li deside vag sou relasyon diplomatik li genyen ak Taiwan pou li tabli relasyon pito ak Lachin. Minis afè etranje Onduryen an te vwayaje al Peken pou siyen yon antan ak tokay Chinwa li.

Ayiti gen relasyon diplomatik ak Taiwan depi ane 1966.

Prezidan Taiwanèz la Tsai Ing-Wen te vizite Ayiti nan mwad Jiye 2019.

An 2022 Taiwan te bay Ayiti plizyè santèn milye dola asistans.

XS
SM
MD
LG