Accessibility links

Breaking News

Prezidan Taiwan ap Vizite Beliz


Prezidan Taiwan Tsai Ing-wen (a goch) koute pandan Gouvene Jeneral Beliz, Froylan Tzalam pale nan ayewopo Entenasyonal Beliz Siti a, 2 Avril 2023.
Prezidan Taiwan Tsai Ing-wen (a goch) koute pandan Gouvene Jeneral Beliz, Froylan Tzalam pale nan ayewopo Entenasyonal Beliz Siti a, 2 Avril 2023.

Prezidan Taiwan nan Tsai Ing-wen rive Beliz Dimanch nan kad jefo Taipei ap fè pou reafime relasyon diplomatik ak zile a, ki sitye nan Amerik Santral la.

Vizit tsai ap fè nan Beliz vini yon ti tan sèlman apre Onduras te anonse li pral vag sou relasyon ni ak Taiwan, epi tabli pito relasyon diplomatik ak Lachin. Onduras fè mèman parèyman ak Nicaragua, Panama, Salvado ak Kosta Rika.

Beliz se sèl lot peyi nan Amerik Santral la ki kenbe relasyon diplomatik li ak Taiwan.

Vizit la gen kom bu tou, pou solidifye relasyon ant Taiwan ak Amerik Santral la, nan moman Lachin ap depanse yon pakèt lajan nan rejyon an epi mete presyon sou peyi yo pou yo vag sou Taiwan.

Kounyea, Taiwan genyen sèlman relasyon diplomatik ofisyèl ak 13 peyi.

Plis pase mwatye nan peyi sa yo sitye nan Amerik Latin nan ak Karayib la. Yo se: Beliz, Guatemala, Paragwe, Ayiti, Sen Kitts ak Nevis, Sent Lusi, epi Sen Vensan ak Grenadin yo.

XS
SM
MD
LG