Accessibility links

Breaking News

Etazini pral Ogmante Deplwaman Zam pou Kontre Kore di Nò


Sekrete Defans Ameriken Lloyd Austin salye tokay Sid Koreyen li, Lee Jong-sup apre yon konferans de pres konjwen nan vil Seoul, Kore di Sid, 31 Janvye 2023.
Sekrete Defans Ameriken Lloyd Austin salye tokay Sid Koreyen li, Lee Jong-sup apre yon konferans de pres konjwen nan vil Seoul, Kore di Sid, 31 Janvye 2023.

Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin deklare Etazini pral ogmante deplaman zam ki sèvi ak teknoloji avanse tankou avyon konba ak bonbadye sou prèskil Kore a nan moman yap travay ak Kore di Sid pou ranfose planifikasyon operasyonèl yo fas ak menas nikleye Kore di No a.


Austin fè deklarasyon sa a apre yon rankont ak Minis Defans Kore di Sid la, Lee Jong-Sup, kote yo antann yo pou etann pi plis egzèsis militè konjwen yo epi kontinye yon deplwaman "byen kowodone" zam estratejik Ameriken nan rejyon an.

Austin ak Lee te diskite tou sou preparasyon pou egzèsis similtane ant alye yo nan mwad Fevriye a ki va gen kom bi pou pèfeksyone repons yo si Kore di No ta itlize zam nileyè kont yo.

XS
SM
MD
LG