Accessibility links

Breaking News
Azi

Kore di Sid: Prezidan Yoon Suk Yeol Mande Si Peyi li Ta Dwe Gen Zam Nikleyè


South Korea President New Year
South Korea President New Year

Prezidan Kore di Sid Yoon Suk Yeol ap akselere yon deba ke moun pa te ka imajine sa gen kèk tan, pou konnen si peyi li ta dwe gen zam nikleyè – yon aksyon ki ta transfòme alyans Etazini-Kore di Sid la e chanje sistèm sekirite rejyon an.

Semèn pase, Yoon te nan gran tit nouvèl lè li te di nan yon reyinyon sou politik peyi a ke Kore di Sid ka gen pwòp zam nikleyè pa li si kondisyon sekirite nasyon an ak Nò a ta vin pi mal.

Yoon te di sa kòm yon pawòl konsa-konsa e li te mete li nan kad si bagay yo ta gate nèt; manm ekip li yo te kouri di ke Kore di Sid p ap fè bak sou angajman ke li te pran nan kad Trete pou li pa Pwopaje zam nikleyè a.

XS
SM
MD
LG