Accessibility links

Breaking News

Japon: Lajitis Akize Ofisyèlman Yon Sipèk nan Asasinay Premye Minis Abe


FILE - Tetsuya Yamagami, the alleged assassin of Japan's former Prime Minister Shinzo Abe, exits a police station in Nara, western Japan, on July 10, 2022, on his way to local prosecutors' office.
FILE - Tetsuya Yamagami, the alleged assassin of Japan's former Prime Minister Shinzo Abe, exits a police station in Nara, western Japan, on July 10, 2022, on his way to local prosecutors' office.

Avoka gouvènman nan peyi Japon akize ofisyèlman kòm asasen moun ke yo sispèk nan asasinay Premye Minis Shinzo Abe, se sa laprès nan Japon rapòte jodia.

Tetsuya Yamagami te jwenn arestasyon-l touswit apre li ta tire sou Abe ak yon zam atizanal pandan ansyen lidè-a t-ap fè yon diskou kanpay nan mwa Jiyè ane pase devan yon estasyon tren nan Nara nan lwès Japon.

Pita nan mwa-a, yo te voye Yamagami nan yon prizon nan Osaka pou yon evalyasyon mantal pandan 6 mwa, ki te bout madi a. Yamagami tounen anba men lapolis nan Nara.

Komisè gouvènman-yo di rezilta evalyasyon mantal-la moutre ke li gen kapasite mantal pou li ale nan jijman.

Yamagami anba akizasyon tou pou vyolasyon kont lwa sou kontwòl zam.

Lapolis fè konnen Yamagami di yo ke li te touye Abe, youn nan politisyen ki gen plis enflyans e ki soulve plis divizyon nan Japon, paske Abe sanble te gen koneksyon ak yon gwoup relijye ke li-menm sispèk-la rayi. Li di manman-li te bay legliz Inifikasyon-an ki baze nan Kore di Sid anpil lajan, sa ki lakoz fanmi-an fè bankwout e rwine lavi-l.

XS
SM
MD
LG