Accessibility links

Breaking News

Lachin Sispan Viza pou Japon, Kore di Sid Akoz yon Kont sou COVID-19


Pasaje ki soti Lachin pase devan yon sant tes COVID-19 nan ayewopo entenasyonal Incheon nan, nan Kore di Sid, Madi 10 Janvye 2023.
Pasaje ki soti Lachin pase devan yon sant tes COVID-19 nan ayewopo entenasyonal Incheon nan, nan Kore di Sid, Madi 10 Janvye 2023.

Anbasad Chinwa yo sispann apwouve nouvo viza pou moun ki soti Kore di Sid ak Japon - nan sa ki sanble reprezay pou egzijans peyi sa yo fè pou touris Chinwa yo fè tès negativ pou COVID-19.

Anbasad Lachin nan Tokyo ak Seoul anonse sispansyon yo Madi nan yon anons ki pibliye sou sit wèb li.

Anons Anbasad Chinwaz nan vil Seoul la di entèdiksyon an pral kontinye jiskaske Kore di Sid leve "mezi diskriminatwa" li mete an plas pou Chinwa kap antre lakay li.

Foto Achiv: Yon touris ki soti Lachin antre nan yon sant egzamen COVID-19 nan ayewopo entenasyonal Incheon la nan Kore di Sid, 5 Janvye 2023.
Foto Achiv: Yon touris ki soti Lachin antre nan yon sant egzamen COVID-19 nan ayewopo entenasyonal Incheon la nan Kore di Sid, 5 Janvye 2023.

Gouvènman Chinwa a te menase semèn pase a pou'l pran reprezay kont tout peyi ki anonse nouvo règleman COVID pou touris ki soti an Chin yo.

Gen omwens 10 peyi ki mete nouvo restriksyon an plas pandan jou ki pase yo, apre yo eksprime kè sote yo genyen dèske pa gen anpil enfomasyon sou epidemi COVID Lachin ap eseye jere, kote viris la ap pwopaje vit e prese.

XS
SM
MD
LG