Accessibility links

Breaking News

Foxconn Prezante Ekskiz li pou Kont ki Pete nan Faktori li nan Lachin

Nan foto sa a ki pran 23 Nov. 2022, ajan sekirite ki gen rad espesyal pou pwoteje yo kont enfeksyon atake yon gason kap pwoteste devan faktori Foxconn Technology Group la ki fe asanblaj telefon entelijan iPhone Apple yo.

Konpayi ki fè asanblaj iPhone Apple yo prezante eskiz li pou yon kont ki pete nan faktori li nan Lachin sou yon kestyon peman. Anplwaye yo te manifeste devan faktori sa a kote kontwol leta enpoze pou kontwole pwopagasyon virus COVID-19 la ralanti pwodiksyon an.

Anplwaye yo plenyen pou di Gwoup Teknoloji Foxconn nan chanje tèm peman yo pou atire yo pou yo vin travay nan faktori ki sitye nan vil santral Zhengzhou a.

Foxconn ap eseye rebati fos travay li apre anpil anplwaye te vire do yo poutèt yo di yap travay nan kondisyon ki pa si.

Foxconn blame yon "erè teknik" pandan li ranmase nouvo anplwaye epi pwomèt yo pral resevwa lajan yo te pwomèt yo a.

Pandan manifestasyon yo semèn sa a, lapolis te bat anplwaye faktori yo epi bay yo kout pye.

Kont sa a pete nan moman pati Kominis ki o pouvwa a kontinye ap mennen jefo pou jere to enfeksyon COVID-19 yo san li pa fèmen faktori yo.

XS
SM
MD
LG