Accessibility links

Breaking News

Lachin Soulaje Restriksyon COVID yo Apre Manifestan Pran Lari


Manifestan kenbe fey papye blan epi chante slogan pandan yon manifestasyon nan vil Peken, Dimanch 27 Nov. 2022.
Manifestan kenbe fey papye blan epi chante slogan pandan yon manifestasyon nan vil Peken, Dimanch 27 Nov. 2022.

Otorite Chinwaz yo soulaje kek pami restriksyon COVID-19 yo men yo reafime objektif ekstrèm yo a ki se "Zewo ka COVID" - apre manifestan te pran lari pou mande Prezidan Xi Jinping demisyonen.

Sete pi gwo opozisyon Pati Kominis ki o pouvwa a janm konstate depi plizyè dizèn lane.

Gouvènman an pa fè okenn komantè lendi sou Manifestasyon yo ni kritik Prezidan Xi. Sepandan desizyon pou soulaje omwens kèk pami restriksyon COVID yo sanble kalme manifestan ki te move kou kong yo.

Sepandan analis yo pa atann yo aske gouvènman Chinwa a abandone estrateji COVIDli e yo fè remake otorite yo fò anpil nan toufe kritik kont gouvènman an.

Li poko klè konbyen moun lapolis arete pandan manifestasyon ki te tanmen Vandredi e ki te pwopaje nan plizyè vil - pami yo Shanghai ak Peken

XS
SM
MD
LG