Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid Fè Konnen li Enterese Gen Zam Nikleyè


South Korean President Yoon Suk Yeol leaves the podium after speaking at Abu Dhabi Sustainability Week in Abu Dhabi, United Arab Emirates, Jan. 16, 2023.
South Korean President Yoon Suk Yeol leaves the podium after speaking at Abu Dhabi Sustainability Week in Abu Dhabi, United Arab Emirates, Jan. 16, 2023.

Kore di Sid fè konnen li enterese nan gen zam nikleyè, kote li demontre detèminasyon ijan pou-l gen meyè asirans sekirite bò kote Etazini pandan gen plis menas nikleyè kap soti bò kote Kore di Nò, dapre kèk ekspè.

Prezidan Kore di Sid Yoon Suk Yeol te deklare 11 Janvye pase nan yon diskou sou politik peyi a ke Seoul ka swa bati zam nikleyè oubyen gen zam konsa ki deplwaye nan peyi a pou fè fas kare bare ak Pyongyang.

Kore di Sid ap pale depi dèz ane pou Etazini deplwaye zam nikleyè lakay li, men se premye fwa yon prezidan peyi a moutre li enterese nan zam sa yo depi Etazini te wete twoup-li nan preskil Kore a an 1991.

Yoon te pale konsa apre yon apèl li te lanse jou Premye Janvye a pou mande yon gwo ogmantasyon nan asnal nikleyè peyi a.

Kore di Nò te lanse plis pase 90 misil balistik ak misil rapid ane pase, ki se yon rekò.

--

XS
SM
MD
LG