Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Kritike Etazini sou Desizyon Li Pran Pou Voye Tank bay Ikrèn


NKOREA-POLITICS-HEALTH-VIRUS
NKOREA-POLITICS-HEALTH-VIRUS

SEOUL, Kore di Sid (AP) — Kore di Nò kondane Etazini pou desizyon li pran pou l bay Ikrèn tank pou kontrekare envazyon ris yo nan Kyèv. Dapre Pyongyang Washington ap ogmante tansyon yo ki gen yon sel misyon ki se detwi Moskou.

Kòmantè sa yo te soti nan bouch sè lidè Kore di Nò Kim Jong Un kote li pale de relasyon peyi li ak Larisi, epi kritike wòl Etazini ak alye Azyatik li yo nan lagè a. Li pale tou de pwòp pwogram zam nikleyè ak misil ke Etazini genyen kap grandi.

Kore di Nò te blame Etazini pou kriz la nan Ikrèn, e li ensiste ke politik Lwès la te fòse Larisi pran aksyon militè pou pwoteje enterè sekirite li.

XS
SM
MD
LG