Accessibility links

Breaking News

Lloyd Austin Pwal Fè yon Vwayaj Nan Seoul


FILE - Secretary of Defense Lloyd Austin speaks during a news conference with South Korea's Minister of National Defense Lee Jong-sup at the Pentagon, Nov. 3, 2022, in Washington.
FILE - Secretary of Defense Lloyd Austin speaks during a news conference with South Korea's Minister of National Defense Lee Jong-sup at the Pentagon, Nov. 3, 2022, in Washington.

Kè-sote Kore di Sid genyen sou kesyon pwoteksyon li anba parasol Etazini kapab yon pwen enpòtan nan vwayaj ke Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin pwal fè nan Seoul.

Austin, ki ap rive nan kapital Kore di Sid lendi k ap vini an, ka rankontre ak Prezidan Yoon Suk Yeol, dapre laprès nan Kore di Sid.

Mwa sa a, Yoon te domine aktyalite a lè li te di Kore di Sid ka ekzije pou Etazini redeplwaye zam nikleyè lakay li, ou menm devlope pwòp zam nikleyè pa li, si kondisyon sekirite ak Kore di Nò ta vin pi mal.

Apre sa, Yoon te retire sa l te di a. Sepandan, sityasyon an souliyen ke enkyetid Kore di Sid ap ogmante akoz asnal nikleyè Kore Nò ki ap laji byen vit, e pandan Seoul gen plis kesyon sou angajman alye li, Etazini, pou bay peyi sa a defans pou lontan.

XS
SM
MD
LG