Accessibility links

Breaking News

Kore Di Sid di Lap Diskite ak Etazini sou Kijan pou Jere Zam Nikleyè


Foto Achiv: Yon solda Sid Koreyen opere yon kanno vulcan 20mm pandan yon egzesis anti-dron milite nan Yangju, Kore di Sid. (Foto Ministe Defans Kore di Sid)
Foto Achiv: Yon solda Sid Koreyen opere yon kanno vulcan 20mm pandan yon egzesis anti-dron milite nan Yangju, Kore di Sid. (Foto Ministe Defans Kore di Sid)

Kore di Sid konfime ke Seoul ak Washington ap diskite sou kijan pou jere zam nikleyè li genyen pou fè fas ak menas Kore di Nò yo kap ogmante pi plis chak jou.

Biwo prezidan Sid Koreyen an pibliye yon deklarasyon sou kestyon an, yon ti tan apre Prezidan Joe Biden demanti alye yo ap diskite sou egzèsis militè konjwen.

Prezidan Sid Koreyen Yoon Suk Yeol deklare nan yon entèvyou li bay yon jounal, ke yo pibliye Lendi, ke 2 pei yo ap travay ansanm sou yon plan ki gen rapò ak zam nikleyè.

Konseye pi wo plase prezidan an pou zafè ki gen rapò ak laprès, Kim Eun-hye, konfime nouvèl la Madi.

Pi bonè nan jounen an, Biden te reponn "non" lè yon jounalis te mande'l si vreman vre 2 peyi yo tap diskite sou posibilite pou yo ta fè egzèsis militè nikleyè ansanm.

XS
SM
MD
LG