Accessibility links

Breaking News

Mezon Blanch: Gwoup Wagner a Resevwa Zam nan Men Kore di Nò


WASHINGTON (AP) — Dapre sa Mezon Blanch fè konnen, Gwoup Wagner a ki se konpayi militè prive Ris, te jwenn livrezon zam ki soti nan Kore di Nò pou ede ranfòse twoup li yo k ap goumen kòt a kòt ak twoup Ris yo nan lagè Ikrèn nan.

Pòtpawòl Konsèy Sekirite Nasyonal Mezon Blanch lan, John Kirby, te di Jedi ke ofisyèl ki ap travay nan entèlijans Etazini a te detèmine ke Kore di Nò te finalize yon premye kagrezon zam pou Gwoup Wagner sa ki te gen ladan l misil ak lòt materyel.

Mezon Blanch lan eksprime gwo kè sote li genyen nan lagè a akoz patisipasyon Wagner ki patikilyèman ap batay nan rejyon ès Donbas la.

Kore di Nò demanti kareman ankò ke li ta voye minisyon bay Larisi.

XS
SM
MD
LG