Accessibility links

Breaking News

Putin: Larisi Pral Jwenn yon "Antidòt" pou Sistèm Anti-Misil Patriòt Washington Voye Bay Ikrèn


Russia Military Putin
Russia Military Putin

Prezidan Ris Vladimir Putin te di Jedi ke li vle pou konfli a nan Ikrèn fini "pi vit" ke posib, apre prèske 10 mwa gwo batay malouk ak lame Kyev la.

Nan yon konferans pou laprès lidè Kremlin an te di "Nou pral fè efò pou asire ke sa a fini. E pi bonè sa fini se pi bon.

Kremlin an te denonse yon mank "volonte " bò kote Kyev apre Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy te fè yon vizit nan Washington.

Misye Zelenskyy rankontre chèf deta Polonè a Andrzej Duda nan Polòy, anvan li te retounen nan Ikrèn kèk èdtan apre.

XS
SM
MD
LG