Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy: Èd Etazini Bay Ikrèn Se "Pa Charite", Men Pito yon "Envestisman"


Vis Prezidan Kamala Harris ak Lide Lachanm Nancy Pelosi reyaji pandan Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy prezante yon drapo Ikren bay palmante Ameriken yo ke twoup li yo nan Bakhmut siyen, 21 Desanm, 2022.
Vis Prezidan Kamala Harris ak Lide Lachanm Nancy Pelosi reyaji pandan Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy prezante yon drapo Ikren bay palmante Ameriken yo ke twoup li yo nan Bakhmut siyen, 21 Desanm, 2022.

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy fè yon vizit sipriz nan Washington pou remèsye pèp Ameriken an pou asistans li nan lagè kont Larisi a.

Nan yon diskou devan tou le 2 chanm Kongrè Ameriken an reyini, Zelenskyy deklare lajan Etazini bay Ikrèn se pa "charite" men pito yon "envestisman nan sekirite global ak demokrasi.

"2 peyi nou yo se alye nan batay sa a e ane pwochen ap enpotan, mwen konn sa. Nap wè yon chanjman kote kouraj Ikrèn ak angajman Etazini dwe garanti avni libète komen nou ak libète pèp ki reprezante prensip sa yo."

Vizit brèf la sete premye vwayaj li nan peyi etranje depi envazyon Larisi fè nan peyi li nan mwad Fevriye a.

Vizit la te gen kòm bi pou kore sipò pou Ikrèn nan moman kote gen anpil kè sote dèske alye yo bouke ak lagè a ki koute chè anpil epi dega li koze nan pwovizyon alimantasyon ak enèji yo.

"Anvayisè yo gen gwo avantaj sou nou o pwend vi atiyri, yo gen avantaj nan minisyon yo gen plis misil ak avyon ke nou janm genyen. Se vre. Men fos defans nou yo kanpe fèm."

Pi bonè nan jounen Mèkredi a, Zelenskyy te fè chita tande ak Prezidan Joe Biden nan Lamezonblanch.

Anvan li te tounen lakay li, prezidan Ikrenyen an te vizite tokay Polone li Andrzej Duda nan la Poloy.

Li mete yon mesaj sou Telegram ki di yo te diskite sou plan estratejik pou lavni ak entèraksyon ant 2 peyi yo nan nivo entènasyonal an 2023.

Nan Kyev, sitwayen Ikrenyen yo bay opinyon sou vizit prezidan yo fè Ozetazini.

Illia se yon espesyalis nan teknoloji.

" Se yon vizit istorik - se premye fwa sa fèt depi komansman lagè a. Mwen kwe sa ede l gen plis zam donk finalman nou pral resevwa sistèm Patriot la. Nou kontan resevwa sistèm defans misil sa yo, tout moun ap tann sa."

Tetiana limenm voye pwent kont Larisi

"Si nap pale de Putin, misye ka rankontre sèlman prezidan Byelorisi a Lukashenko. Men prezidan pa nou ka rankontre Biden pesonèlman epi fè chita tande avè l. Yo rekonèt nou kom nasyon. E akoz de sa Ikrèn ap vanse pi wo."

Nan Larisi menm, minis defans la tal vizite twoup yo nan pati Ikrèn Larisi kontwole. Lame Ris la pa presize ki kote egzakteman minis la te vizite.

Pandansetan, pot pawol prezidans la, Dmitry Peskov kritike Zelenskyy pou di li pat di krik sou lapè pandan vizit li Ozetazini.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG