Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid Lanse Djèt, Tire Kout Zam, Apre Kore di Nò Vole Dron


Foto Achiv: Yon dron No Koreyen ke Ministe Defans Sid Koreyen an montre lapres. (Lee Jung-hoon/Yonhap via AP, File)
Foto Achiv: Yon dron No Koreyen ke Ministe Defans Sid Koreyen an montre lapres. (Lee Jung-hoon/Yonhap via AP, File)

Lame Kore di Sid la tire kout zam kòm avètisman, voye avyon lagè al sivole espas ayeryen li sou fwontyè li pataje ak Kore di Nò, apre dron Nò a vyole espas ayeryen li pou premye fwa depi 5 an.

Lame Sid Koreyen an detekte 5 dron ki soti nan nò a epi ki travèse frontyè li Lendi. Youn te gen tan rive nan zòn nò kapital la, Seoul.

Lame Sid Koreyen nan repon ak kout zam kòm avètisman anvan li depeche avyon lagè ak elikoptè d atak pou desann dron Nò Koreyen yo.

Gen yon avyon lagè Sid Koreyen ki kraze yon ti tan apre li te dekole, men 2 pilòt yo te gen tan soti sen e sof.

Lame a di gen yon dron ki tounen nan Nò a e rès yo te disparèt sou rada militè Sid Koreyen yo.

XS
SM
MD
LG