Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Tire Yon Lòt Misil Balistik


SKOREA-NKOREA-MILITARY-MISSILE
SKOREA-NKOREA-MILITARY-MISSILE

Kore di Nò te tire yon "misil balistik" Vandredi, dapre sa lame Kore di Sid la di.

Lame Kore di Sid di Kore di No lanse 2 misil balistik nan direksyon lanmè ès. Aktivite militè sa a dewoule kèk jou sèlman apre avyon lagè Sid Koreyen yo te patisipe nan egzèsis konjwen ke Kore di No konsidere tankou yon preparasyon pou yon envazyon.

Lame Sid Koreyen an di li detekte lansman misil yo nan zon kapital No a Vandredi apremidi.

Etazini te voye avyon bonbadye ki igen kapasite nikleyè ak djèt stealth li yo tou pre prèskil Koreyen an pou fè egzèsis militè konjwen ak avyon de gè Sid Koreyen yo Madi.

Lame Kore di Sid di egzèsis sa yo fè pati yon ako bilateral ki gen kom bi pou kore angajman Etazini pran pou l defann alye Azyatik li ak tout kapasite militè li genyen a la dispozisyon li, e ladann gen zam nikleyè.

XS
SM
MD
LG