Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid di li Regrèt ke li Pat Desann Okenn nan Drone Kore di Nò yo


A drone is paraded in Pyongyang, North Korea, Oct. 10, 2015.
A drone is paraded in Pyongyang, North Korea, Oct. 10, 2015.

Lame Kore di Sid di li regrèt ke li pa te desann okenn nan drone siveyans Kore di Nò yo ki te antre nan espas Sid la, pandan otorite nan Seoul sèmante madi pou yo anpeche lòt aksyon konsa.

Youn nan drone yo te vole jis nan zòn Metropoliten Seoul-la ayè lendi-a anvan li te retounen nan Nò a 3 zèd tan apre. Men lame Kore di Sid te pèdi tras 4 lòt avyon e yo pa jwenn yo, dapre otorite yo.

Nan yon kominike jodi madi a, Chef deta majò Kore di Sid la admèt ke defans aeryen peyi a gen meyè ekipman pou detekte e frape drone Kore di Nò yo, ki pi gwo e reprezante plis danje. Drone siveyans yo ke Nò a te voye lendi, gen yon longè mwens ke 3 mèt, dapre kominike a.

XS
SM
MD
LG