Accessibility links

Breaking News
Azi

Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin ap Vizite Seoul


U.S. Secretary of Defense Lloyd Austin visits South Korea
U.S. Secretary of Defense Lloyd Austin visits South Korea

Mwens ke yon semèn apre Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin fin asire dè milya dola asistans militè anplis pou Ikrèn ki ap lite kont LaRisi, asistan ki ap gen tank ameriken ak alman, kèk gwo responsab nan depatman defans Etazini ap vire atansyon yo sou rejyon Indo-Pasifik la, ak menas k-ap grandi bò kote LaChin ak Kore di Nò, dapre otorite ameriken an.

Sekretè Defans Lloyd Austin ap fè 6èm vizit ofisyèl li nan rejyon an, ki ap koumanse aswè a ak reyinyon wo nivo nan Seoul, kapital Kore di Sid, e apre sa li pwal vizite Filipin pou rankontre prezidan ki pa eli lontan, an palan de Ferdinand Marcos Jr, ak nouvo ekip li k ap dirije sekirite.

“Anviwònman sekirite a nan Endo-Pasifik la ap vin chak jou pi konplike,” se pawòl yon gwo zotobre nan depatman defans Etazini, ki pale ke konpòtman LaChin ak Kore di Nò ki vin pi agresif, dapre otorite a.

Responsab defans Etazini yo ka pale tou de sipò Seoul pou Ikrèn, kidonk pou l voye zam ale bay peyi sa a.

XS
SM
MD
LG