Accessibility links

Breaking News

Biden sou Dokiman Sekrè yo: "Pa Gen Anyen"


Prezidan Joe Biden salye milite yo nan baz aviyasyon Andrews anvan li monte nan avyon prezidansyel la Air Force One, 19 Janvye 2023.
Prezidan Joe Biden salye milite yo nan baz aviyasyon Andrews anvan li monte nan avyon prezidansyel la Air Force One, 19 Janvye 2023.

Prezidan Joe Biden di "pa gen anyen" apre yo dekouvri dokiman sekrè ak dosye ofisyèl nan rezidans prive li ak nan ansyen biwo li.

Biden di: "yo jwenn yon ti kantite dokiman ki pat byen klase."

Biden reponn kestyon jounalis yo Jedi apre li te fè konsta dega move tan koze nan eta Kalifoni.

Prezidan an di "lap kowopere konplètman ak ankèt la e lap byen kontan rezoud kestyon an rapidman."

Minis Jistis Merrick Garland nomen semèn pase a Robert Hur, ki se ansyen Avoka Gouvenman eta Maryland, kom mèt espesyal ki va jere ankèt Depatman Jistis la ap mennen sou kestyon dokiman yo jwen lakay ak nan biwo Biden.

XS
SM
MD
LG