Accessibility links

Breaking News

Biden di li te Sezi Aprann ke Avoka li yo Jwenn Dokiman Sekrè nan Ansyen Biwo li


U.S. President Joe Biden and first lady Jill Biden board the Marine One helicopter, in Washington
U.S. President Joe Biden and first lady Jill Biden board the Marine One helicopter, in Washington

Prezidan Joe Biden di li te sezi aprann ke avoka li yo te jwenn dokiman gouvènman an nan ansyen biwo li nan Washington e fè konnen li pa konnen ki enfòmasyon ki nan dokiman sekrè sa yo.

“Avoka mwen yo pa te konseye m mande ki dokiman yo te ye. Mwen remèt bwat yo – yo remèt bwat yo bay Achiv Nasyonal, e n ap kopere kòmsadwa nan estimasyon ki ap fèt sou yo, travay mwen espere ki p ap pran tan pou fini e m espere ke lè sa a m ap gen plis detay,” se sa Biden di nan yon konferans pou laprès nan vil Meksiko apre reyinyon li ak Prezidan meksiken Andrés Manuel Lopez Obrador ak Premye-minis kanadyen Justin Trudeau.

Lendi, ekip avoka pèsonèl Biden te revele ke nan mwa Novanm pase, yo te jwenn yon lo dokiman ki la depi lè Biden te Vis-prezidan, kèk nan yo se dokiman sekrè, ke yo te jwenn yo nan biwo Sant Penn Biden pou Diplomasi ak Angajman Mondyal, yon enstiti ki pote non Biden e ki afilye ak Inivèsite Pennsilvani, biwo ke, dapre Mezon Blanch, Biden te konn itilize kèk fwa ant 2017 ak 2020. Kèk palmantè Repibliken ouvè ankèt sou kesyon an.

XS
SM
MD
LG