Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Biden Anba Presyon Akoz Kèk Lejislatè Ameriken Mande Pou Mete Bolsonaro Deyò Nan Peyi a


AMERICAS-SUMMIT/
AMERICAS-SUMMIT/

Administrasyon Biden nan anba presyon ki kontinye ap ogmante bo kote lidè gochis yo nan Amerik Latin ansanm ak kek lejislatè ameriken ki ap mande pou mete Jair Bolsonaro deyò nan Florid, epi voye l tounen Brezil.

Deman sa vini apre fanatik ansyen prezidan an te anvayi palman brezilyen an kote yo te komèt anpil zak kraze brize. Gen kèk manifestan ki mande yon entèvansyon militè pou retabli ansyen prezidan zèl dwat Bolsonaro sou pouvwa a.

Bolsanaro kondane atak ki te fèt sou enstitisyon peyi l.

Li te di yon medya brezilyen ke li ap eseye retounen lakay li apre li te entène lopital akoz doulè li te genyen nan vant. Bolsonaro te rive nan Florid nan fen mwa desanm nan epi li te pase pouvwa a bay siksesè li, Luiz Inácio Lula da Silva.

Anpil moun te vin okouran de vizit li te nan Florid apre atak ki te fèt dimanch la kote plizyè milye patizan l ki te refize aksepte defèt li devan Lula nan eleksyon yo.

XS
SM
MD
LG